Toro [Kanaval 2016]-Carimi

Genre-Kanaval
Year-2016
Featuring-Mikaben
Toujou parèt ak yon new vibe
Mikaben Carimi yon new style
Nou gentan konnen sa li ye deja
Depi n lage, n met lari a cho
N lage papa – bredjen yo mobilize
Nou derape papa – polis nasyonal la sekirite
Aranje w papa – chanmas toro a pral pase papa
A a ane sa nou edifye
Gade kijan seleksyon nasyonal la kalifye
Imaj negatif tout pral demistifye
Nou rete pozitif, avni n nap planifye
Tout sa k pa vle n mache n lage l bò figi yo
Kalòt marasa bò figi yo
Nou pa vin pou n betize, n avanse, wi nou derape
N lage papa – yon jan pou peyi m mache
Nou derape papa – wa va ranje kò w pou w banm pase
Aranje w papa – jenès la mobilize papa
Toro a kap pase papa - Nou pa vini pou nou betize
“Black Alex nou sonje w wi”
Oh oh oh oh oh o h
M pap kanpe, m pap kanpe pou limyè wouj, m pap kanpe wo
Pa gen anyen ki ka bloke m nan wout
[2x]
Ou mèt sote ponpe mwen map danse Carimi m
Ou mèt manifeste mwen map danse Carimi m
Ou mèt kraze brize mwen m ap danse Carimi m
Peyi m te mèt bloke mwen m ap danse Carimi m
Hey leve men yo, souke men yo, frape men yo
Hey leve men yo, souke men yo, m pa tande
Hey leve men yo, souke men yo, souke men yo
Haiti chante
Oh oh oh – sa kap pase la
Oh oh oh – sa ki rive la
Oh oh oh – sèl sa mwen remake depi djaz sa pase nou ka santi tè a tranble
Oh oh oh – sa kap pase la
Oh oh oh – Kouman nou ye la
Oh oh oh – sèl sa mwen remake depi djaz sa pase nou ka santi tè a tranble
Mezanmi chak ane Carimi lage on bagay - move
Nou te fè eklate channmas te gen batay – move
Nou fin leve dife nou boule tout vye pay – move
Nou se toro gwonde ane sa n pile pay
Fanatik petyonvil si w se toro di w se toro
Toro (4x)
Fanatik Delmas di m kisa nou ye
Toro (4x)
Si w se toro – leve men dwat
Si w se toro – leve men goch
[2x]
Pouse kòd (4x)
Toro a pran lari (2x)
Fanatik Channmas si w se toro di w se toro
Toro (4x)
Fanatik Bèlè di m kisa nou ye
Toro (4x)
Si w se toro – leve men dwat
Si w se toro – leve men goch
[2x]
Pouse kòd (4x)
Toro a pran lari (2x)
Woy yo pran w (2x)
Nan Carimi m pran plezi m, nan Mikaben m pran plezi mwen, woy woy
[3x]
Tout sak vle peyi m mache leve chemiz anlè – wi
Tout sak vle peyi m vanse leve mayo anlè – wi
Tout sak vle peyi m dekole leve drapo w anlè – wi
Tout sak pa vle nou ka sakaje yo – wi
Sakaje(8x)
Depi gita lage tout dada kanpe
Depi w panche dada w pran tap
Depi w panche dada w pran tap – anye anye
Depi w panche dada w pran tap - Depi w panche dada w pran tap
Depi w panche dada w pran tap - savon tonbe pa ranmase
Depi w panche dada w pran tap - Depi w panche dada w pran tap
Depi w panche dada w pran tap – politisyen ranje chita w
Depi w panche dada w pran tap – pou ti pèp ka pa gad anba w
Depi w panche dada w pran tap
Grenn wap souse a nan bouch mwen l te ye, atè w prann
Ti visye
Bondye sa nou fè mechan yo, sa n fè yo, sa n fè yo
Bondye sa nou fè mechan yo, n ap fout rele anmwey
Peyi m gen twòp kidnapè, tapajè, kap fout fè nou pase mizè
Kounya ou menm atoufè w ap volè san w pa janm gad dèyè
Kijan w fè santi konsa? Oh
Si w met deyodoran, ou pa santi kabrit, ou pa santi djondjon
Demen anlè kale kò w
Kale kòw
Kale dada w – woy woy
Kale dada w – nan Carimi
Kale dada w – woy woy
Kale dada w – nan Mikaben
Kale dada w – Ak Barbancourt
Kale dada w
Si w renmen peyi w
Ou konnen djaz ou bon
Ou konnen w pral chanpyon
Leve demen w kale kò w
Kale kòw
Kale dada w – woy woy
Kale dada w – nan Carimi
Kale dada w – woy woy
Kale dada w – nan Mikaben
Kale dada w – Ak Barbancourt
Kale dada w
Mezanmi chak ane Carimi lage on bagay - move
Nou te fè eklate channmas te gen batay – move
Nou fin leve dife nou boule tout vye pay – move
Nou se toro gwonde ane sa n pile pay
Fanatik petyonvil si w se toro di w se toro
Toro (4x)
Fanatik Delmas di m kisa nou ye
Toro (4x)
Si w se toro – leve men dwat
Si w se toro – leve men goch
[2x]
Pouse kòd (4x)
Toro a pran lari (2x)